FREEDOM - AYITI HAÏTI 🇭🇹
Ayiti... Haiti..... kilè sa pral fini?
🙏Soley leve apre chak fe nwa ✊🏾🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Repons pwoblem nou ekri sou drapo a 🙌🏾🇭🇹 L'Union Fait La Force👊🏽🇭🇹Kenbe la fanmi 🙏 #noubouke #Haiti #love #over #hate #good #over #evil #vwadrapoa #lunionfaitlaforce #liberasyon #sove #peyi #mwen #onelove #peace #unity #Haitian #Pwotege #timoun #yo
ITUNES - https://itunes.apple.com/us/album/ayiti-haiti-single/1453289607
SOUNDCLOUD - https://soundcloud.com/freedom-recordz/freedom-ayiti-haiti
Recorded in Port Au Prince, Haiti
Written and Performed by Freedom
Prod. by Mandela, Yanik & Freedom
Lyrics ekri by Freedom
[Verse 1]
Si chak jou ou te ka manje, èske w tap santi w neglige
Kòm nou tout wè reyalite, di m kijan nou jwenn wout kraze
Pandan w te nan blakawout, ou jwenn bil elektrisite
Pandan m te nan mitan wout la m tande kawotchou eklate
Mèsi Bondye yo bay kouran men tout materyèl mwen sote
M ap fè kòlè depi ventan men anyen poko ka chanje
Tout fo pwofèt ki pase nan peyi mwen toujou f on sanble m
M pa pè mouri depi anvan sa m ka wè peyi m libere
M pap ka tere jiskake palè nasyonal mwen remonte
Yo bann pawòl men m wè anpil nan pawòl sa yo pa respekte
Se pa mwen k envente l, sa s on bagay mwen obzève se vre
Lavichè ogmante, mezanmi tèt chaje pou malere
[Hook]
Ayiti Haïti, kilè sa va fini wo
Ayiti Haïti, kilè sa va fini wo
[Verse 2]
Solèy ka leve si ansanm nou aprann mache
Jou n aprann valè nou na konprann se wa ke nou ye
Se rèn ou ye lè w ap mache nan lari a apye
Se pa sa w posede k ap dikte kote w ka rive
Se pa mwen k envente l, sa s on bagay mwen obzève se vre
Lavichè ogmante, mezanmi tèt chaje pou malere
[Hook]
Ayiti Haïti, kilè sa va fini wo
Ayiti Haïti, kilè sa va fini wo
[Verse 3]
Fòn jwenn konesans so t Kotdefè rive Milo
Fòn aprann gwo pawòl sa yo te ekri sou drapo n
Ayisyen tap chanje mond nan si n te konprann nivo n
Nou tout vrèman gen menm rèv la nan dimilyon sèvo n
Ansanm ansanm nou tap rive jwenn sa nou merite
Men pwoblèm la se nou ta pito viv la divize
[Hook]
Ayiti Haïti, kilè sa va fini wo
Ayiti Haïti, kilè sa va fini wo
Ayiti Haïti, kilè sa va fini wo
Ayiti Haïti, kilè sa va fini wo