New single by Ocean. Follow me for more

OCEAN_PWOMÈT MWEN_PAWÒL

OCEAN, YEAH!

[Kè]

Di m si w ap toujou avè m nan vye moman kou nan bon tan (bon tan)
Rete bò kote m nan tristès tankou kè kontan (anhan anh)
Si lanmò pa fè n tò èske nap ansanm pou lontan
Konbyen tan w ap avè mwen (avè mwen)
(2 fwa)

[Kouplè: 1]

Yeah! Anh!

Avan w m te pèdi tout espwa e malgre vid m pat kite plas pou lanmou (yeah)
M pat vle pou m livre kè m ankò ni pou m mize sou yon moun (yeah)
Mete m an konfyans m pa vle w panse m mande twòp
Men kèk pwomès t ap rasire m jiskaske lanmò pase pran youn nan nou (anhan)
Se ou m vle pou madanm (hein)
se ou ou m vle pou metrès (heinnn)
Pwomèt mwen m ap gen tout lanmou w so m pa vle pou ret rès (yeah)
M pa vle w wè m konplike
Lè batman kè m konbine ak pa w se pi bèl melodi an n kite nòt yo konpile
Fè m santi m chè pou ou jis lòt yo estime m pa gen pri (yahh)
Pwomèt mwen w ap avè m sèl menm si tout lòt yo aksesib
E si tout moun ban m do ou p ap tou pwofite pou w kite m
Èske lè m fin ba w 2 je m w ap toujou avè m pou w gide m
Pwomèt mwen w p ap fè m tò ke w ap rekonèt lè w antò (yeah)
Pwomèt mwen menm si n ta fache w ap la pou w fè souri m ankò (anhan)
M vle konte sou ou konn lè m nan bezwen w p ap mize
M gon kè kristal m vle konn si lè m lage l nan men w li p ap brize

[Kè]

Di m si w ap toujou avè m nan vye moman kou nan bon tan
Rete bò kote m nan tristès tankou kè kontan
Si lanmò pa fè n tò èske n ap ansanm pou lontan
Konbyen tan w ap avè mwen
(2 fwa)

[Kouplè: 2]

Yow! Okay!

M vle pou nou fon sèl malgre pou yo n se 2 (se 2)
Menm si yon lòt t ap ofri w syèl so m pa vle pou w sede (sede)
M vle santi w pou mwen sèl san w pa santi w posede
Pwomèt w ap ka tolere m koz depi m damou m obsede (wouh)
Pwomèt mwen l p ap janm frèt pou jan m wè w fè ti kè m cho a
Pwomèt mwen w ap kenbe rit lan menm jan w p ap chanje tenmpo a
Pwomèt w ap toujou avè m menm si m vin andikape
Èske w ap pouse l avè m si machin nan fon ti kanpe (please di m)
Pwomèt w ap toujou epole m (yeah)
E menm si m paka dekole (anh)
W ap pouse zèl pote m sou do w fè m bèl reflè w ap ka dekore m
Pwomèt w ap toujou prè pou w tande m lè gen ti dout
E w p ap kite zanmi mennen w menm si pou sa w ta pèdi tout
Pwomèt ou p ap blese m paske m konnen m mal pou geri (babae)
Pwomèt mwen n ap gon bèl istwa pou n rakonte lè nou vyeyi (yeh)
M konn tout bagay p ap janm pafè lavi a gen detou
M p ap menm bezwen pwomèt ou m t ap renmen w menm san ryen an retou (yeah)

[Kè]

Di m si wap toujou avè m nan vye moman kou nan bon tan
Rete bò kote m nan tristès tankou kè kontan
Si lanmò pa fè n tò èske nap ansanm pou lontan
Konbyen tan wap avè mwen
(2 fwa)

Recently Listened by

0 comments
    No comments found

:: / ::
::
/ ::

Queue